CONATEL

Conseil National des Télécommunications

NÒT KONATEL SOU AKSÈ ENTÈNÈT GRATIS SOU CHANNMAS LA

Jan KONATEL te enfòme popilasyon-an nan mwa jiyè  ki sot pase-a sou misyon Prezidans Repiblik  la te konfye-li pou mete entènèt gratis nan tout zòn chann mas la, konatel ap fe tout moun konnen ke depi koumansman mwa oktòb la entènèt gratis- la ap layite nan tout zòn sa yo: siné Triyonf, Plas Kapwa, Plas Oksid Janti, Plas Kristòf, Plas Desalin, Plas Petion, Plas dèzatis,  elatriye. kidonk, soti zòn siné Triyonf pou rive block Nèg Mawon, pase bò Rèks-Teyat pou rive zòn fakilte Etnoloji, pase Ministè Komès pou rive zonn Ministè Interyè, etidyan, elèv lekòl AK tout lòt  jèn ki bezwen yon ti WiFi yap jwenn li gratis.

Plis pase 10.000 kiryozite deja eseyel e plis pase 5000 moun kapab itilizel an menm tan.  KONATEL ak tout lòt patnè li yo ap kontinye amelyoré sevis sa-a anatandan ke mèt pwomès-la ki se Prezidan Repiblik la fè inogirasyon ofisyèl la kòm sa dwa.

KONATEL pap kanpe nan wout, jodya- gentan demen pou li deja! Tankou li genyenl nan plan li KONATEL ap mete vwal sou tout lòt plas piblik  peyi-a pou pèmèt jenès la nan tout rakwen jwen, prese prese,  bonjan zouti poul ka pran plas li merite nan mond nimerik-la.

Télécharger le document: 

/ Actualités

RÉSOLUTION : #RES2025001 de l’Organe Exécutif du CONATEL sur la demande produite par la station de radiodiffusion MEGA de reconsidération de la sanction en date du 22 novembre 2024 interdisant l’émission appelée « Boukante La Pawòl ».

Psugo Graph

Programme de Scolarisation Universelle Gratuite Obligatoire (PSUGO)

Recette collectée pour la période
Juillet 2011 au 31 aout 2021
USD 190,600,437.59

/ twitter

/ restez-connectés

   

Image de sensibilisation