Konkou : Chache Konnen Sou TEK 2018
Konkou « Chache Konnen Sou Teknoloji Enfomasyon Ak Kominikasyon »
Kontèks ak objektif
Nan kad projè « Promosyon pou Enklizyon Nimerik (PEN) » ki vle pou bay gwoupman kominotè ak asosiyasyon jèn lavil tankou andeyò yo chans pou pwofite avantaj Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon, KONATEL ap òganize nan finisman ane a yon Konkou ki rele : « Chache Konnen sou Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon » pou òganizasyon ak asosyasyon nan katye yo.
Objektif konkou a se pou sansibilize jèn yo sou enpòtans teknoloji a ka genyen sou devlopman kominote yo ak anvironman yap viv, e lap ka ba yo anpil ouvèti ekonomik ak sosyal. Se yon fason pou KONATEL ankouraje jèn ak ajan kominotè yo itilize teknoloji yon fason pozitif pou yo voye kominote yap viv la monte piwo. Lèw patisipe nan konkou sa a wap ka gen prim ak Kado depiw respekte tout kondisyon ki nan fomilè patisipasyon an.
Kondisyon pou patisipe
Tout Òganizasyon devlòpman kominotè alawonnbadè nan peyi a ki gen papye rekonesans legal ajou (Ministè Afè Sosyal ak NIF DGI a) ka patisipe nan konkou a.
Prim ak kado
Òganizasyon ki rive reponn pi byen plis keksyon yo ap kalifye pou resevwa prim li merite a.
Enfòmasyon nou dwe konnen
1. Konkou a ap òganize sou entènèt. Tout Òganizasyon kap patisipe dwe:
- Vizite sit entènèt konkou a pou byen li tout enstriksyon yo,
- Aksepte enstriksyon yo,
- Ranpli fòmilé enskripsyon an pou enskri Òganizasyon an,
- Reponn ak keksyon yo.
2. Dènye dat pou patisipe nan konkou a se 4 janvye 2019 a 11 zè 59 nan aswè.
3. Kouman pwen yo ap konte
- Enskripsyon: 30 pwen
- Repons ak keksyon yo : 70 pwen
4. Rezilta konkou a ap pibliye sou sit entènèt KONATEL la jou kap vandredi 11 janvye 2019.
Pou plis detay rele nan nimero telefòn sa a: (+509) 2940-0099.