CONATEL

Conseil National des Télécommunications

Konkou : Chache Konnen Sou Teknoloji Enfomasyon Ak Kominikasyon

Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (KONATEL) Desanm 2017

Konkou « Chache Konnen Sou Teknoloji Enfomasyon Ak Kominikasyon »

Kontèks ak objektif

Nan kad projè « Promosyon pou Enklizyon Nimerik (PEN) » ki vle pou bay gwoup jèn nan katye yo chans pou pwofite avantaj Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon, KONATEL ap òganize nan finisman ane a yon Konkou ki rele : « Chache Konnen sou Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon » pou òganizasyon ak asosyasyon nan katye yo.

Objektif konkou sa a se pou sansibilize jèn nan katye yo abitye avèk anviwonman teknolojik yo epi kreye ouvèti k ap pèmèt yo jwi avantaj teknoloji ofri nan fòmile pwojè teknolojik ki ka sipòte devlopman ekonomik ak sosyal kominote jèn yo ap viv pandan yap kapab geyen prim ak kado pou patipasyon yo nan konkou sila a.

Kondisyon pou patisipe

Tout Òganizasyon alawonnbadè nan katye yo ki gen papye rekonesans legal (Ministè Afè Sosyal, Lameri, elatriye) ka patisipe nan konkou a.

Prim ak kado

Òganizasyon ki rive reponn pi byen plis keksyon nan konkou a ap resevwa yon prim 100,000 goud. Nap bay anpil lòt prim ki gen valè ant 25,000 goud ak 50,000 goud ak tout lòt Òganizasyon ki patisipe nan konkou a e kifè plis pwen nan reponn keksyon.

Enfòmasyon nou dwe konnen

Konkou a ap òganize sou entènèt. Tout Òganizasyon kap patisipe dwe:

  1. Vizite sit entènèt konkou a pou byen li tout enstriksyon yo,
  2. Aksepte enstriksyon yo,
  3. Ranpli fòmilé enskripsyon an pou enskri Òganizasyon an,
  4. Reponn 10 kesyon konkou a,
  5. Ekri yon tèks motivasyon tout kout (10 liy pou pi plis) ki eksplike enterè Òganizasyon nan itilize ak fè pwomosyon pwojè teknoloji yo kap devlope nan zòn yap fonksyone.

Dènye dat pou patisipe nan konkou a se 28 desanm 2017 a 11è59 nan aswè.

Kouman pwen yo ap konte

  1. Enskripsyon: 20 pwen
  2. Repons ak kesyon yo: 50 pwen
  3. Tèks motivasyon: 30 pwen

Seremoni pou bay tout prim

N ap kontakte tout moun ki genyen yo pa imèl ak Whatsapp. Tout prim yo ap remèt jou k ap 28 desanm 2017 nan 11è nan maten.

Klike sou lyen sa pou wou ka enskri nan konkou a

/ Actualités

Le Directeur Général fait le point sur son bilan et présente les perspectives du CONATEL sur Radio et Télé Métropole Ce mardi 20 janvier 2024, le Directeur Général du Conseil National des Télécommunications (CONATEL), l'ingénieur Joses Jean Baptiste, a répondu aux questions de M. Wendell...
Message de Mme Audrey Azoulay, Directrice générale de l’UNESCO, à l’occasion de la Journée mondiale de la radio 13 février 2024 En cette Journée mondiale, nous célébrons l’histoire de la radio, mais aussi son rôle central dans nos sociétés, aujourd’hui comme dans les années à venir. Cette...

Psugo Graph

Programme de Scolarisation Universelle Gratuite Obligatoire (PSUGO)

Recette collectée pour la période
Juillet 2011 au 31 aout 2021
USD 190,600,437.59

/ twitter

/ restez-connectés

   

Image de sensibilisation