Nòt pou enfòmasyon konsènan telefòn yo kap transfere nan mòd “roaming” otomatikman
Direksyon Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (Konatel) resevwa anpil plent bò kote popilasyon ki sou zòn fwontyè a, patikilyèman moun Wanament ak Beladè, konsènan telefòn yo kap transfere nan mòd “roaming” san nesesite e san yo pa mande sèvis la.
Direksyon Konatel la mande tout operatè kap bay sèvis telefòn nan peyi a pou yo pran tout dispozisyon pou anpeche konsomatè ayisyen pase nan mòd “roaming” otomatik si yo pa mande sa.
Konatel pwomèt poul fè swivi ak tout lòt enstans ki konsène pou bon jan mezi pran nan nivo teknik ak legal nan enterè konsomatè yo.
Jean Marie ALTEMA
Direktè Jeneral
images: